Meditasyon
Misyon
Sa k ap pase
Atis yo
Lapannkòt : Bondye pa gade sou figi moun.

Nou mè tli moso Labib ki anba tanbou yo adwat.

Se dezyèm lekti lamès jou fèt Lapannkòt. Tèks sa amontre kouman Bondye vle pou tout pèp, tout ras tande Bon Nouvèl Jezi-Kri a. Lè m te timoun, mwen te konn al lamès, men, m pat kapab konprann anyen, paske pè yo te di lamès an laten, yon lang pèsonn moun pa pale ankò. Se prèch la sèlman, ak 2, 3 kantik ki te an franse. Konsil Vatikan 2 te libere litiji a, paske li te konprann mesaj Liv Travay Apot yo : « Kijan fè nou chak nou tande yo nan pwòp lang pa nou, lang kote nou fèt la ? »

Chanjman litiji a ann Ayiti

An 1964, lè m rive Ayiti, chanjman yo te kòmanse ap fèt nan litiji a : gen Ayisyen ki te kòmanse ekri bèl chante an kreyòl. Mwen sonje « Papa Djo » (Joseph Augustin) ak plizyè lòt tankou Pè Antwàn Adriyen, Monseyè Kolimon, Sè Inyas, eksetera, era, era. An plis, te gen gita ak tanbou ki tap jwe. Ata danse te kòmanse antre nan litiji a. Se lè sa a vreman, pèp la te kòmanse ap patisipe.

Te gen moun ki pat kontan. Kèk vye katakrèz tap plenyen, paske yo te renmen ti laten yo a. Yo te menm ap di : « Tanbou, se Satan ! », paske yo te kwè, tanbou se enstriman ki dwe jwe sèlman nan ounfò. Kounye a, nanpwen pi bèl mès pase mès k ap selebre an kreyòl. Jodi a, ou ta di se bak n ap fè bak, paske ou kapab wè nan pliwyè pawas moun k ap fè melanj lang yo, kòm si kreyòl la pa sifi. Fòk yo foure franse ladan tou. Mwen santi pèp la poko libere tèt li anba mantalite kolon yo. Paolo Freire, yon edikatè brezilyen, esplike sa byen nan yon liv li ekri : Pédagogie des opprimés (Editions Maspero,1974). Li montre kouman moun k ap sibi dominasyon moun ki anwo yo gen tandans kopye mantalite moun k ap esplwate yo, san yo pa menm konnen.

Tout lang egal ego

Nou menm, misyonè espiriten yo, n ap travay nan 57 peyi. Esperyans ak rankont nou fè pami tout pèp sa yo montre n yon bagay ki klè nan lafwa nou an : Bondye pa gade sou figi moun. Tout pèp, tout ras, tout lang égal ego. Kreyòl la bèl : li pa bezwen okenn lòt lang anplis. Sa se koze rasis ki vle fè moun kwè gen lang ki pi rich, ki pi bèl pase lòt yo.

Pè Jan Iv

Tous les instruments sont bons pour chanter Dieu.

(Photo : Wikimedia commons)

Nan Liv Travay Apot yo (Chapit 2, sot vèsè 1, rive vèsè 11)

Lè jou Lapannkot la te rive, yo tout te ansanm yon menm kote. Epi sanzatann yon bri sòti nan syèl la, tankou yon gwo van. Li plen tout kay la kote yo te ye a. Epi yo wè yon seri lang, tankou flanm dife, parèt sou yo. Yo separe youn ak lòt. Lèfini yo vin poze sou yo chak. Yo tout yo vin plen Lespri Sen an. Yo kòmanse pale lòt lang daprè jan Lespri a te ba yo pale. Te gen Jwif ki te abite nan Jerizalèm, sèvitè Bondye ki te sòti nan tout peyi anba syèl la. Lè bri sa a fèt, foul la sanble epi li sezi, poutèt yo chak te tande y ap pale nan pwòp lang pa yo. Yo sezi, kè yo sote, yo t ap di : « Men tout mesye sa yo k ap pale yo, se pa moun Galile yo ye  ?   Kijan fè nou chak nou tande yo nan pwòp lang pa nou, lang kote nou fèt la ?  Moun Pat, moun Medi, moun Elam, moun ki abite Mezopotami, Jide, Kapadòs, Pon, Lazi, Friji, Panfili, Lejip, ak nan pati Libi ki pre Sirèn nan, epi moun Wòm k ap pase isit,  Jwif ak moun ki konvèti Jwif, moun Lakrèt ak moun Arabi, nou tout nou tande y ap rakonte mèvèy Bondye yo nan lang pa nou. »