Liberasyon

Liberasyon, se yon mo ki vle di anpil bagay, paregzanp :

-Ou ka lage yon bèt ki nan kaj ;

-Ou ka libere yon esklav ki sou zòd yon mèt ;

-Ou ka libere yon enèji ki nan lanati, eksetera, era, era.

 

Nan pami moun k ap viv kounye a, genyen esklav nan kò ak esklav nan tèt. Gen kèk peyi, tankou Arabi ak Moritani, ki toujou gen esklav nan kò. Men se esklav nan tèt sitou ki genyen. Yo se viktim pwopagann ak ideyoloji yo. Souvan yo pa menm konn sa. Gen de fwa nou viktim move abitid nou yo ki fè nou vin esklav moral. Tout kalite esklavaj sa yo, kit se nan kò, nan tèt oubyen nan moral nou an, fòk nou konbat yo. Nan pami esklav nan kò, se yon sèl liberasyon ki te reyisi : revolisyon Ayiti a kote esklav yo kale lame Napoleyon. Spartakis tou te eseye libere kamarad li yo : yo tout mouri.

 

San nou pa menm konnen, nou anba yon pakèt reklam ki fè nou vin esklav kèk mak. Paregzanp, elèv yo pap pral lekòl si yo pa gen tèl mak soulye, oubyen tèl mak telefòn… Lè regleman espiriten an mande n patisipe nan liberasyon total kapital tout moun, sa mande pou nou libere tèt nou anvan, dekwa pou n ka ede lòt yo libere tèt yo tou. Sa vle di tou, ede yo kale je yo pou yo ka konprann poukisa yo nan chenn.

Nou wè kouman liberasyon total kapital fè youn ak 2 lòt kesyon : jistis ak lapè ak respè kreyasyon an, epi devlopman lespri ak mwayen moun yo genyenpou yo soti nan mizè.

Patrick Vilaire, atis ayisyen :

Prizonye nan kaj

Foto :  © Jean-Michel Gelmetti